Bri - un poème de Paulmise Corneille, illustration de Sarbajit Sarkar
- Cretté Alexandra

- il y a 12 minutes
- 1 min de lecture
Gen bri se lajwa
li vide nan vwa nou
Gen bri se latè
ki rekonpanse
Gen bri se latè
Ki tanmen
Gen bri se demen
li anbwase mete sou vizaj lafanmi
Gen bri se kabann k ap soufri
Gen bri se timoun
Ki pou se kri lajwa
Gen bri se koko
K ap chante viv lamàn
Bri chak Ayisyen
Tchoule pòsyon lanmò
Nan :
Si se pa pa w,
Se pa l,
Si se pa li,
Se mwen
Gen bri ayèmtewèw
Nan mitan janm bri
Bri Kafoufèy
Bri Sitesolèy
Bri Matisan
Bri Gonayiv
Bri Divivye
Bri Kwadèboukè
Bri Taba
Bri Vivimitchèl
Bri Lekòl Lise
Bri Lekòl Prive
Bri Lopital
Bri Simityè
Bri Estad
Bri Penitansye
Tout se istwa k ap mouri
Bri ekolye
Bri fonksyonè
Bri Fanm ansent
Bri timoun
Bri tibebe
Bri travayè
Bri Ti biznismann
Bri komèsan
Bri pyeton
Tout se lavi
K ap pèdi vi
Tout bri pa gen sant Ayiti
Gen bri se pou redui popilasyon an
Gen bri se pou
Klere fènwa yon Fanmi
Gen bri se pou tire kè kontan
Yon nanchon
Tout bri Ayiti
Pa kouri menm kote
Tout bri Ayiti
Pa gen menm koulè po
Bri Ayiti santi di
Bri Ayiti natiralize
Bri Ayiti kontan nan miwa gouvènman pwovizwa
Tout bri Ayiti
Pa gen menm souri
Sou tab lafanmi
Dayè se bri
Ki plis leve tche wòb ayèmtewè w
Tout bri
Pa pote menm diskou
Bri kouri
Bri anmweyy
Pote plis lajan nan pòch leta
Paulmise Corneille





Commentaires