Maten an mwen wè yon syèl isi ya
Po li koulè mango fransik
Boul solèy la tankou grenn mango ra
Mwen tèlman gadel jem vin koulè sik
Epa ti bèl sa bèl lè solèy ka leve isi a
Toujou gen yon pakèt zwazo kap vole pasi pala
Epi
Epi
Sa fèm panse avèw
Maten an mwen wè yon ti madanm bèl kou flè dizè
Li pote sou tèt li yon mouchwa ki gen koulè po mazonbèl
Ti madanm sa pot sou vizaj li eksperyans ak fyète'l
Ti madanm sa ap mache San bay pousyè nan pyel valè
Ti madanm sa soti kote Afrik
Poul vin bay isi ya nouvèl pou sa yo ki mouri nan ziltik
Epi
Epi
Sa fèm panse avèw
Chak matin dèyè mòn yo
Lanmè ak syèl t konn fè sèl
Pou ba ti pov je m manje ak dlo
Lèm pran gade miwa sa
Mwen tombe mandem
Si jem yo bòy
Ou byen se li ki kopi a
Epi
Epi
Sa fèm panse avèw
Comments