Lè m ap gade w
m anvi regade w
pou m reve
gade lorizon
M anvi pran vwèl
Vole rive kote nyaj pa pwoche
Lè m ap gade w
Douvanjou enkyete
maske nan yon piwèt
Souke kò m ak kò w
Bay lannuit defi
Pou mennen lanmou ri pòt chanm
Lè m ap gade w
M anvi fwote
Fwote tout kò m nan mi
Fè madjigridji
Pou m regade w
K ap dangoye pòtre kannòt sezon gran van
Pòtre peyi depafini
Lè m ap gade w
Se timoun rebèl
K ap di lavi pa regade m
M pa gade w pou gade
Lè m gade w
kou laviwonndede
Se jiwèt gade pa bouleje
Lè m ap gade w
M anvi tounen gèp panyòl
Pou poze repoze sou podyòl
Lè m ap gade w se lavi k ap kouri pou jwèt lago kache
Se tibebe k ap kriye pou tete
Pou dlo je
Lè m ap gade w
Se lakansyèl k ap fè grimas
Kote lapli pa janm tonbe.
Commenti